Men tou nou te wè travay sikolojik zanmi gang , tchoul gang tap fè sou pèp la sou TikTok tap fè yo konprann ke gang yo pwisan anpil menm pase Solda yo, jis Pou te kenbe pep lan nan perèz ak fè yo aksepte sò a!
😮😮‼️ Li sa, epi esplike sak pa konn li yo!!
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
Bon Bagay Makalen! 💯💯
Lajenès! M gen yon lide! Ann fè yon ELEKSYON CHALLENGE!
Jodi a, gentan gen preske 1 milyon moun ki enskri pou eleksyon k ap vini yo selon sit CEP a. Poutan, gen apèn 18% ki gen ant 18 ak 28 an!
Eleksyon sa a se pi gwo opòtinite pou jenès peyi d Ayiti bay klas politik la yon leson! Paske SE NOU ki pou chwazi kiyès nou vle ki dirije Ayiti, selon valè nou kwè ladan yo. Se NOU kandida yo bezwen konvenk. Nou pap ka fè pwa si nou pa enskri!
Men yon challenge pou nou montre fòs nou!
Mwen challenge tout jèn k ap swiv mwen pou yo ale nan yon sant enskripsyon prese prese. Kreye yon kontni, foto oswa videyo, pandan w ap enskri, epi lage l sou paj ou, pandan w ap challenge 10 moun nan rezo w pou yo reponn ou ak pwòp kontni pa yo k ap enskri nan 48è!
Tout moun ka monte sou sit CEP a pou swiv kijan statistik yo ap evolye. Yo bay update chak jou nan lyen sa a: cephaiti.ht/statistiques-ins…
Tout blogè yo: ede m pataje challenge sa a!
Challenge kreyatè kontni prefere nou yo!
M ba jenès la jiska fen ane a pou nou vire statistik sa a nan figi lemonn!
N ap viv nan yon tan transparans ak teknoloji. Yo p ap ka koule yon kandida ak mwayèn 9!
Foto ki sou flayè sa a, se mwen lè m t ap enskri. MPA JÈN ANKO MEN MWEN PARE !
M komanse pa challenge kreyatè kontni prefere m yo sou tiktok ak IG (sanble pa gen anpil isi a. Si nou konnen tag souple)
M pa mande nou di pou kiyès n ap vote kounye a. Jis montre entènèt la jenès la ap prepare l pou lè CEP a mande l deside.
Nou gen 48è pou m kòmanse wè kontni nou yo! Tag mwen!!!!
Si nou enskri deja, lage prèv la epi challenge 10 nouvo moun.
M ap tann nou. Ann montre lemonn ke lajenès AYITI a pare pou pran responsabilite li nan kafou istorik sa a!
Ann ale 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
@max_reports @TICKETmaghaiti @jhanedouze @GregPromoHaiti @OlftonOB @nouvelliste @Frantzduval @Jacquiecharles @GuyWeweMedia @carelpedre @JeSuisDansalou @lamygeorges @MadameApollon @Gaelleactrice @GessicaGeneus @bmixx_dj @KennyHaiti @Jeanmary_simon @Radio_Metronome @metropoleHT @billyliveshow @SiropMiel5
NO❌FALLACY™️ retweeted
⭕️ENFO | Nan yon videyo ki dire 1 minit 58 segonn li pataje sou platfòm rezo sosyal li yo, Abigaïl Alexandre adrese dirèk ak jenès Ayisyèn nan, ki chwazi itilize sèlman rezo yo pou di ki moun pou vote, ak ki lòt pou pa votenan pwochèn eleksyon yo. « Eleksyon pral fèt sou Facebook ak TikTok, mwen vrèman pa konprann kiyès ki fè nou kwè bagay sa, ni kòman nou ka panse nou ka rete dèyè yon telefòn, epi deside kiyès nap mete Prezidan ou pa », se kesyon sa a Loreya Eloquentia a poze. Jèn entèlektyèl la raple, plis pase 60% popilasyon kap viv Ayiti,🇭🇹genyen ant 18 a 35 lane. Alòske, nan 109% sitwayen ki enskri sou lis KEP a, se sèlman 39% jèn ki enskri pou al vote. « Sa vle di, majorite moun ki pral vote yo,🗳️abitye vote deja, e yo pa two jèn. San dout, gen yon pati nan yo ki gen relasyon ak kandida nou menm jèn, nou pa swete reprezante nou yo. Si nou pa aji, sa nou pa vle wè a, se li nou riske wè », se sa Abigail deklare. Li di, kòm eleksyon pa jèn yo se sou Facebook ak TikTok, lè sa rive, yo pral retounen sou platfòm rezo sosyal yo pou yo al manifeste pou di se pa moun sa yo te vle kòm Prezidan. Pou chanje reyalite sa a, Abigail Alexandre presize : « si nou menm jèn nou vote an mas vre, nou afiche dèyè kiyès nou kanpe, nou plis lejitim pou nou defann vòt nou ». Abigail raple, jèn ki fèt nan lane 2000 yo, se premye fwa yo pral gen chans chwazi kiyès yo vle pou reprezante yo. « Chwa nou pral fè nan pwochèn eleksyon yo, pral detèmine 10 lane kap vini yo. Ann fon depoze telefon yo, pran lari a, al enskri kòm elektè. E pou yon fiwa, ann al oze chwazi avi nou, e avni peyi nou », se konsa jèn inivèsitè a fini videyo a | LSV
Sa bon wi!!!
Premye siksè Intervention Bukele an Haiti :
Tout moun ki t’ap sipòte gang yo oblije parèt tèt yo. Yo tout ap joure Prezidan @nayibbukele !
Mèsi Prezidan Bukele. Pep aysyen kanpe avè’w! #reseaucitadelle #ajandalakay
Nou wè neg yo se anfas yo pat janm genyen !!!🤦🏽♂️🤦🏽♂️🤷🏽
Menm nan lanmò, « Lanmò San Jou » pa janm anpè !
Apre plizyè ane laterè, chèf gang 400 Mawozo a, Wilson Joseph, alyas « Lanmò San Jou », voye yon lèt bay Nasyonzini pou mande lapè ak negosyasyon.
Men, kote volonte negosyasyon sa a te ye pandan gang yo t ap simen laterè, touye, kidnape epi fòse plizyè milye fanmi kite kay yo?
Èske lèt sa a se yon demach sensè pou lapè, oswa yon estrateji pou amelyore imaj li epi detounen atansyon sou operasyon ki vize demantle gwoup ame yo?





























