Un véritable dirigeant rassemble les compétences ; un dirigeant clanique rassemble les fidélités. Le premier construit des institutions, le second protège des intérêts. Bon dimanche #TEKTEK
OpenAI prezante GPT-6 Cyber, yon modèl AI ki fèt espesyalman pou “cybersécurité”: li ka chèche feblès nan lojisyèl, verifye si yon vilnerabilite vrèman ka eksplwate, epi ede pwopoze koreksyon, pandan li respekte limit chèchè yo fikse. Dapre OpenAI, modèl la jwenn yon gwo amelyorasyon sou tès eksplwatasyon, epi li te deja ede dekouvri 81 vilnerabilite grav nan Firefox ak plizyè santèn vilnerabilite nan Linux. Men sa ki pi enpòtan an se kontwòl la: GPT-6 Cyber resevwa fòmasyon pou pa soti nan perimèt otorize a, pa atake sèvis ki pa ladan l, epi rapòte sa li fè avèk presizyon. Sa montre yon nouvo etap nan sekirite enfòmatik: AI pa sèlman ap ede ekri kòd ankò, li kòmanse ede jwenn, teste epi korije feblès anvan malveyan eksplwate yo #TEKTEK
OpenAI lanse Images 2.6, yon nouvo jenerasyon zouti pou kreye ak modifye imaj nan ChatGPT, Codex ak API a. Gwo nouvote a se ke kounye a ou kapab kreye GIF anime dirèkteman ak AI, pa egzanp fè yon pèsonaj bouje, anime yon maskòt, oswa fè yon foto pwodwi tounen yon ti animasyon ki repete. OpenAI di “Images 2.6” jenere imaj jiska 50% pi vit, epi li pi bon pou kenbe menm figi a, rad la, pwodwi oswa detay yon mak lè w ap fè plizyè retouch. Pou devlopè yo, gen 2 modèl: Flare, ki favorize vitès e ki ka pwodwi yon imaj an anviwon 6 segonn nan mòd “kalite ba”, epi Sunburst, ki fèt pou plis detay ak presizyon. Nouvo vèsyon an sipòte tou retouch sou yon zòn presi nan imaj la, ekspòtasyon SVG nan API a, epi pi bon kontwòl sou konpleksite imaj la. OpenAI di itilizatè yo ap kreye anviwon 4 milya imaj pa semèn atravè ChatGPT, Codex ak API li yo. Images 2.6 disponib atravè plan ChatGPT yo sou mobil, web ak òdinatè. #TEKTEK
Nou teste “Trezò Kreyòl”, yon platfòm dijital ki fèt pou rasanble, òganize epi mete konesans sou lang kreyòl ayisyen an disponib sou entènèt, atravè resous sou lang lan, zouti pou aprann, epi yon asistan ki sèvi ak entèlijans atifisyèl pou ede moun jwenn ak konprann enfòmasyon pi fasil. Men pwojè a vle ale pi lwen pase yon senp sit oswa chatbot: objektif alontèm li se ede konstwi bon jan done an kreyòl ki byen ekri, klase ak verifye, pou teknoloji tankou ChatGPT ak lòt entelijans atifisyèl kapab pi byen konprann kreyòl, ekri li, tradui li, trete tèks an kreyòl epi, pi devan, amelyore rekonesans vwa ak zouti ki konprann moun lè y ap pale kreyòl. Apre tès nou an, lide a trè enteresan e li reponn ak yon bezwen reyèl, paske kreyòl toujou pa gen menm kantite resous dijital menm jan ak lòt lang yo. Men pou Trezò Kreyòl vin yon vrè referans, nou ta renmen wè plis kontni, plis egzanp pratik, sous yo pi vizib, AI la montre pi klè sou ki referans li baze repons li yo, epi plis zouti ki pèmèt itilizatè a verifye enfòmasyon li resevwa. Bon baz la la; gwo defi a kounye a se fè presizyon, kalite done ak fyabilite vin sanble ak vizyon pwojè a. 🌐 trezokreyol.org #TEKTEK
Binance, youn nan pi gwo platfòm sou entènèt nan mond lan kote moun achte, vann epi konsève kriptomonnen tankou Bitcoin ak Ethereum, sibi yon gwo pirataj 29 oktòb 2026 la. Daprè Reuters, pirat yo vòlè anviwon 6,3 milya dola ameriken an kripto, sitou nan “hot wallets”, sa vle di bous dijital ki rete konekte ak entènèt pou fasilite tranzaksyon. FBI atribye atak la ak gwoup TraderTraitor, ki lye ak Kore di Nò. Binance di li pral kouvri pèt kliyan yo. Ka sa a montre yon bagay enpòtan: menm gwo platfòm teknoloji yo bezwen sistèm sekirite ekstrèmman solid lè y ap jere lajan dijital. #Tektek #Binance #Crypto #Cybersecurity
Yon pirataj ki montre jan sibèsekirite kapab tounen yon kesyon sekirite nasyonal: nan nuit 1 pou rive 2 novanm, pirat pran kontwòl aplikasyon alèt ijans nan peyi Ikrèn ak Larisi pou voye fo mesaj sou menas radyolojik, chimik ak atak nikleyè bay itilizatè yo. Sistèm alèt prensipal yo te kontinye fonksyone, men ensidan an montre yon danje serye: lè yon popilasyon pèdi konfyans nan yon sistèm ki fèt pou avèti l an ka ijans, yon fo alèt kapab prèske osi danjere ak yon vrè menas. Jiskaprezan, okenn otè pa idantifye e pa gen prèv ki etabli yon lyen ant de pirataj yo. #Tektek #Cybersecurity #Ukraine #Russia
Apple fè yon gwo vire: apre plizyè ane li te rejte lide ekran tactile sou MacBook la, konpayi an prezante premye MacBook Pro ak ekran tactile li, ak ekran PROLED XDR, prosesè M5 Pro oswa M5 Max, nan vèsyon 14 ak 16 pous. Itilizatè yo ap kapab touche ekran an pou deplase eleman, desine, teste aplikasyon oswa manipile kontni dirèkteman. Apple rive an reta nan kategori sa a, men li parye sou yon eksperyans ki pi byen adapte pou pwofesyonèl kreyatif ak devlopè yo. #Tektek #Apple
#WhatsApp pote 4 gwo nouvote ki pral chanje fason nou itilize gwoup yo! Pi gwo chanjman an se posiblite pou mete estati dirèkteman nan yon gwoup WhatsApp. Sa vle di ou kapab pataje foto, videyo oswa lòt nouvèl ak manm yon gwoup sèlman, san tout kontak ou yo pa bezwen wè yo. Manm gwoup la kapab gade estati yo, reyaji sou yo epi pibliye pwòp estati pa yo. Menm jan ak estati WhatsApp nou deja konnen yo, yo disparèt otomatikman apre 24 èdtan. Dezyèm nouvote a pèmèt ou fikse yon mesaj enpòtan nan tèt yon gwoup san limit tan, olye li disparèt apre 24 èdtan, 7 jou oswa 30 jou. Twazyèm nan konsène nouvo manm yo: lè yon moun antre nan yon gwoup, ou kapab pataje yon pati nan ansyen mesaj yo avè l, menm apre li fin antre, pou li konprann sa yo t ap diskite. Pataj sa a pa fèt otomatikman, epi mesaj yo toujou pwoteje ak chifreman “bout en bout”. Finalman, WhatsApp ajoute yon nouvo filtè ki pèmèt ou jwenn pi fasil gwoup kote yon moun te mansyone non ou oswa reponn mesaj ou, san ou pa oblije li plizyè santèn mesaj. Fonksyon sa yo ap disponib grenn pa grenn sou Android ak iPhone. Pou moun k ap jere gwoup travay, lekòl, fanmi, asosyasyon oswa biznis, chanjman sa yo kapab itil anpil. #TEKTEK
Gwo frap nan sektè Entèlijans Atifisyèl la nan peyi Lachin! Dapre Reuters, depi mwa jiyè 2026, aksyon plizyè gwo konpayi chinwa ki devlope IA, robo ak pis elektwonik pèdi anpil valè. Endis STAR50, ki suiv plizyè konpayi teknoloji, bese anviwon 40 %, sa ki reprezante prèske 480 milya dola ameriken nan valè mache ki disparèt. Pou nou konprann sa, anpil envestisè te mete gwo lajan nan konpayi sa yo paske yo te kwè IA t ap fè yo rapòte anpil benefis rapidman. Sa te fè pri aksyon yo monte anpil, menm lè konpayi yo poko t ap fè ase pwofi pou jistifye pri sa yo. Kounye a, envestisè yo kòmanse gen dout, anpil ap vann aksyon yo, epi valè konpayi yo ap bese. Atansyon, sa pa vle di 480 milya dola lajan kach disparèt, ni sa pa vle di Entèlijans Atifisyèl echwe. Sa montre pito gen yon gwo diferans ant yon teknoloji ki gen anpil avni ak yon biznis ki kapab fè lajan avèk li. Yon teknoloji kapab revolisyone mond lan, men sa pa vle di tout konpayi k ap devlope li ap fè gwo benefis. Sa k ap pase nan peyi Lachin nan se yon avètisman pou envestisè atravè lemond: gwo pwomès pa toujou vle di gwo rezilta, e menm pi bon teknoloji a pa ka garanti yon bon envestisman. #Tektek
Yon lòt gwo pwoblèm sou rezo DigiceL la! Nan yon mesaj li pibliye 27 oktòb 2026, responsab Digicel la fè konnen lyen fib optik entènasyonal konpayi an sibi domaj sou Wout Nasyonal #1, sa ki afekte sèvis entènèt li sou tout teritwa a. Ekip teknik yo ap chèche idantifye kote domaj yo ye, men sitiyasyon sekirite a rann entèvansyon yo difisil. Ann eksplike sa teknikman: fib optik entènasyonal yo se gwo wout kote done entènèt pase pou konekte rezo Digicel la ak rès mond lan. Lè youn nan lyen sa yo domaje, trafik la ka koupe oswa oblije pase sou lòt chemen ki pa toujou gen ase kapasite, sa ki kapab lakòz entènèt ralanti, koneksyon koupe ak difikilte pou itilize sèvis dijital yo. Men sa ki merite yon refleksyon serye, se repetisyon ensidan sa yo. Nou te deja konnen pwoblèm menm jan an nan mwa septanm ak oktòb. Nan telekominikasyon, gen yon prensip fondamantal ki rele REDONDANS: yon rezo dwe gen plizyè chemen endepandan pou si youn tonbe, lòt yo kapab pran relèv san sèvis la pa paralize. Sa mande divèsifikasyon wout fib optik yo, kapasite rezèv ak sistèm ki kapab redirije trafik otomatikman. Nou konprann kondisyon sekirite ann Ayiti yo konplike, e okenn teknisyen pa dwe oblije riske lavi li pou repare yon kab. Men konprann difikilte yo pa vle di nou dwe konsidere pann entènèt ki repete kòm yon bagay nòmal. Digicel ak CONATEL ta dwe bay piblik la plis detay sou rezilyans rezo a, solisyon altènatif yo, tan pou retabli sèvis yo ak konpansasyon kliyan ki afekte yo. Paske jodi a, entènèt pa yon liks ankò: se sou li biznis, lekòl, bank, medya ak anpil sèvis esansyèl depann. Yon peyi pa ka seryezman pale de transfòmasyon dijital pandan yon domaj sou yon sèl aks enfrastrikti kapab deranje koneksyon yon gwo pati nan popilasyon an. Se pa sèlman repare kab yo ki enpòtan; se konstwi yon rezo ki kapab kontinye fonksyone menm lè yon kab domaje. #TEKTEK
Nan #TekTek, nou renmen pale de teknoloji, esplike kijan li fonksyone, analize inovasyon epi pataje konesans ak nou. Men nou kwè tou teknoloji pa dwe rete nan pawòl sèlman: nou dwe eseye kreye solisyon ki itil kominote nou an. Se nan lespri sa a nou mete Passpam sou pye, yon platfòm dijital ki disponib sou passpam.com, pou ede moun òganize epi jere evènman yo pi fasil. Avèk Passpam, yon òganizatè kapab kreye evènman, vann biyè sou entènèt, resevwa peman ak MonCash, NatCash oswa kat labank, jere plas ak rezèvasyon, kontwole antre ak sòti patisipan yo atravè kòd QR, swiv kantite moun ki nan evènman an, epi jere konsomasyon yo tou. Platfòm nan pèmèt òganizatè yo gen yon pi bon kontwòl sou diferan aktivite k ap fèt pandan evènman an. Pou evènman gratis yo, biyè elektwonik ak enskripsyon yo gratis tou. Nou konnen gen lòt platfòm ki deja ofri sèvis konsa, e nou respekte travay y ap fè a. Nou pa pretann nou envante anyen, ni nou pa pretann Passpam pafè. Nou senpleman ap eseye pote kontribisyon pa nou nan devlopman teknoloji ann Ayiti, ak sa nou konnen, sa n ap aprann ak sa nou kapab fè. Se poutèt sa nou bezwen opinyon nou. Nou envite nou vizite Passpam, dekouvri diferan fonksyon li yo epi di nou nan kòmantè yo sa nou renmen, sa ki pa twò klè, sa ki manke ak ki lòt fonksyon nou ta renmen jwenn ladan l. Pa ezite kritike sa ki merite amelyore, paske se konsa yon pwodwi kapab vin pi bon. Objektif nou se pa sèlman mete yon lòt aplikasyon sou mache a, men eseye konstwi yon zouti ki vrèman itil òganizatè, patisipan ak biznis k ap travay nan sektè evènman ann Ayiti ak nan dyaspora a. Nou gen anpil bagay pou nou aprann toujou, e nou kwè pi bon fason pou avanse se koute moun ki pral itilize teknoloji a. Annou konstwi yon pi bon Passpam ansanm. Mèsi davans pou chak lide, chak remak ak chak konsèy nou pral pataje avèk nou. #TEKTEK
Anthropic, konpayi ki devlope Claude la, prepare youn nan pi gwo antre sou mache bous nan listwa teknoloji. Nan dat 26 oktòb 2026, konpayi an depoze dokiman ofisyèl li devan SEC, otorite ameriken ki sipèvize mache finansye yo, pou vann aksyon li bay piblik la. Operasyon sa a rele IPO (Initial Public Offering). Anthropic prevwa antre sou Nasdaq ak senbòl ANT, e estimasyon yo fè konnen valè konpayi an ta ka rive jiska 2 000 milya dola ameriken. Men sa ki pi enteresan an se chif finansye yo: nan premye 6 mwa 2026 yo, Anthropic fè 16.3 milya dola revni, yon ogmantasyon anviwon 1 300 % parapò ak menm peryòd ane anvan an. Malgre sa, konpayi an deklare yon pèt kontab ki depase 80 milya dola, kote plis pase 72 milya soti nan chanjman valè sèten enstriman finansye, se pa lajan konpayi an te depanse dirèkteman. Reyalite a: yon konpayi kapab grandi ak yon vitès ekstraòdinè san li poko pwofitab. Nan dokiman li yo, Anthropic avèti envestisè yo sou risk IA kapab reprezante, tankou sibèratak, move itilizasyon teknoloji a, siveyans masiv ak posiblite pou sistèm avanse yo aji yon fason moun pa prevwa. Antouka, 2 000 milya dola a se yon estimasyon, se pa valè final konpayi an, epi dat antre li sou mache a poko garanti. èske ekonomi IA a ap kreye ase valè reyèl pou jistifye kantite lajan envestisè yo ap mete ladan l, oswa mache a ap avanse pi vit pase rentabilité konpayi yo? Avni IA a pap depann sèlman de kapasite modèl yo, men tou de kapasite konpayi yo pou fè teknoloji sa a tounen yon biznis dirab. #TEKTEK
371 LIV NAN 20 MWA GRAS AK ENTÈLIJANS ATIFISYÈL! Coral Hart, yon ekriven sidafriken, deklare li pibliye 371 liv depi fevriye 2025 avèk èd ChatGPT, Claude ak Grok. Metòd li a enteresan anpil: li kòmanse defini istwa a, pèsonaj yo, stil ekriti a ak chak chapit, apre sa li sèvi ak IA pou ekri premye vèsyon an, korije kontradiksyon, amelyore dyalòg ak estrikti liv la. Finalman, yon moun reli tèks la epi fè dènye koreksyon yo. Dapre deklarasyon pa li, li deja vann plis pase 1 milyon kopi epi fè plis pase 1 milyon dola ameriken kòm lavant an 2026, chif ki poko verifye. Men siksè sa a soulve yon gwo deba sou avni literati a: èske yon moun ki bay IA lide, enstriksyon ak estrikti yon liv kapab konsidere tèt li kòm otè menm jan ak yon moun ki ekri chak fraz? Coral Hart pa toujou fè lektè yo konnen li itilize IA, sof lè platfòm kote li vann liv yo egzije sa. Se la kesyon transparans, orijinalite, dwa otè ak etik antre nan jwèt la. Nou nan yon epòk kote IA kapab pwodwi plizyè santèn paj nan kèk minit, nou dwe aprann fè diferans ant kapasite pou pwodwi kontni ak kapasite pou kreye yon travay ki gen valè literè. Paske vann yon milyon liv kapab montre gen yon mache, men sa pa sifi pou pwouve kalite literè yo. IA ap transfòme metye ekriven an, men èske se kantite liv nou pwodwi ki dwe defini talan, oswa sa nou pote ki vrèman orijinal nan chak liv? #TEKTEK
Yon ankèt Radio-Canada revele kijan yon kont Facebook ki gen plis pase 40 000 abonnés t ap sèvi ak Entèlijans Atifisyèl pou fabrike fo nouvèl, fè moun pè epi jwenn vizibilite ki ka rapòte lajan. Kont lan rele Alexx Stagg, e dapre ekip “Décrypteurs “ a, se yon jèn gason 26 lane ki rele Alex Vallée ki ta dèyè li. Pami fo enfòmasyon yo, gen yon swadizan rapèl 172 000 bwokoli ki ta kontamine, ki jwenn plis pase 3 700 pataj, ak yon fo defi TikTok ki jwenn plis pase 10 000 pataj, rive menm fè lapolis pibliye yon avètisman. Teknikman, estrateji sa a rele « ragebait » : fabrike kontni ki pwovoke laperèz, kòlè oswa gwo emosyon pou pouse moun klike, fè kòmantè epi pataje. IA rann metòd sa a pi fasil paske li kapab kreye imaj, videyo ak tèks ki sanble reyèl nan kèk segonn. Plis moun reyaji, se plis algoritm platfòm nan kapab bay piblikasyon an vizibilite, sa ki ka ogmante posiblite pou touche lajan atravè monetizasyon. Pi gwo pwoblèm nan se pa sèlman moun k ap fabrike manti yo, men tou yon modèl ekonomik kote fo enfòmasyon kapab jwenn anpil vizibilite pandan verite a ap lite pou rive jwenn menm piblik la. Meta gen règ kont monetizasyon dezenfòmasyon, men ka sa a soulve kestyon serye sou aplikasyon règ sa yo. Pou nou menm ann Ayiti, se yon avètisman enpòtan: yon foto ki sanble reyèl, yon videyo ki fè anpil moun reyaji oswa yon paj ki gen anpil abonnés pa reprezante okenn prèv verite. Anvan nou pataje yon nouvèl, verifye sous li. Paske nan epòk IA a, se pa tout sa je nou wè ki rive toutbon. #TEKTEK
Airbnb pran yon gwo desizyon ki pral chanje fason moun lwe kay ak apatman sou platfòm li a. Apati 20 novanm 2026, pou tout nouvo rezèvasyon, pwopriyetè yo pap kapab egzije kliyan fè travay ki nòmalman se responsabilite moun k ap fè netwayaj, tankou retire dra sou kabann, lave epi ranje asyèt, fè lesiv oswa pote fatra byen lwen kote yo lwe a. Desizyon sa a vini apre plizyè plent kliyan ki konn peye gwo frè netwayaj, men lè y ap kite kay la, yo oblije fè prèske tout travay netwayaj la ankò. Airbnb presize kliyan yo toujou dwe respekte kay la: yo ka mande yo mete asyèt sal nan evye, rasanble sèvyèt yo epi mete fatra nan poubèl. Men pwopriyetè yo pa ka enpoze travay netwayaj ki mande anpil tan, ni ajoute règ sipriz apre rezèvasyon an. Sa pa vle di Airbnb elimine frè netwayaj yo. Konpayi an toujou pèmèt pwopriyetè yo touche frè sa yo, men li vle mete yon limit nan sa yo ka egzije kliyan yo fè. Kèk pwopriyetè deja manifeste dezakò yo, pandan anpil kliyan akeyi mezi a. Lè yon kliyan peye pou yon sèvis lojman, respè pou pwopriyete a se obligasyon li, men sa pa dwe fè l tounen anplwaye netwayaj pwopriyetè a. Teknoloji dwe fasilite relasyon ant kliyan ak founisè sèvis, pa kreye nouvo sous abi. #TEKTEK
Yon tribinal Ozetazini kondane Meta, konpayi ki posede Facebook, Instagram ak WhatsApp la, pou l peye 25 MILYA dola ameriken akoz pratik ki twonpe itilizatè sou pwoteksyon enfòmasyon pèsonèl yo. Desizyon sa a, ki soti nan eta New Mexico 21 oktòb 2026, gen rapò ak eskandal Cambridge Analytica a, kote done pèsonèl jiska 87 milyon itilizatè Facebook te tonbe nan men yon konpayi analiz politik san konsantman yo. Done sa yo te kapab sèvi pou konstwi pwofil psikolojik ak politik moun yo pou vize yo ak mesaj pèsonalize. Yon jiri te idantifye 43,899,725 vyolasyon lwa sou pwoteksyon konsomatè, sitou akoz deklarasyon Facebook te fè sou fason li kolekte, itilize, pataje ak pwoteje done kliyan li yo. Atansyon, chif sa a reprezante kantite vyolasyon legal yo, se pa kantite moun ki viktim. Teknikman, dosye a montre yon gwo danje nan ekonomi dijital la: lè yon platfòm bay aplikasyon ekstèn aksè ak done itilizatè, san kontwòl serye sou fason done sa yo ap itilize, enfòmasyon pèsonèl kapab tounen yon zouti siveyans, pwofilaj ak enfliyans. Meta konteste desizyon an e li anonse l ap fè apèl. Men leson an enpòtan pou tout konpayi teknoloji: done pèsonèl moun pa yon machandiz yo ka eksplwate san limit. Sekirite enfòmasyon, transparans ak konsantman itilizatè yo pa yon favè konpayi yo fè piblik la; se obligasyon yo. Lè konfyans kliyan yo tounen yon estrateji pou twonpe yo, konsekans yo kapab rive nan plizyè milya dola. #TEKTEK
Nan peyi kap soufri tankou Ayiti, kandida pa manke; se dirijan ki pare pou sèvi nasyon an ki manke. Vin depite, senatè oswa prezidan pa dwe yon rèv pou satisfè anbisyon pèsonèl ou. Men: pou kiyès n ap pran pouvwa a?, pou ki peyi? Pouvwa se yon chay sèvis ak sakrifis, se pa yon privilèj. San lanmou pou patri a ak yon pwojè serye pou rebati lasante, ledikasyon ak ekonomi pèp la, se fotèy(plas) n ap chèche, se pa avni nasyon an. Pèp ayisyen an merite dirijan ki sèvi l. Espwa Ayiti chita nan angajman sa a. #TEKTEK

