mCo. retweeted
Si vakabon yo ka parèt tèt yo nan kous la, Zouzoun nan ka parèt tout kòl🤣
Les meetings de Madame Appolon le 26 décembre à Montréal le 27 à Ottawa
Ticket: keskonfe.ca
#humour #parodie #skit
Nouvo mizajou sou website mwen an mcollinx.com
1- Kounya gen 2 pakou w ka fè selon sa w ta renmen dekouvri
2- Nouvo akèy pou mizik mwen ladan l w ap jwenn katalog mw, bio, video kit medya, elatriye yon sèl kote...
Gen plis k ap vini toujou. Pase vizite l e di m sa nou panse🤗
Mete tout sit entènèt nou ajou nèt kelke swa zouti n te itilize pou devlope l la. G on bstay sibèsekirite ki anonse la ki pa piti.
E n ap pale de yon ensekirite lajman laj kote se tout lavi a menm yon gwoup moun deside fè tounen machandiz.
Nan koze ensekirite sa, plen moun ki pèdi kay yo, sa k pèdi fanmi, pèdi pitit yo, sa k abandone tout sa yo te konstwi jis pou yo ka sove lavi yo.
Sa k ret viv bò kot gang paske yo pa gen lòt chwa, plen teritwa pèdi.
E Pandan ti tan sa, gen lòt k ap touche, k ap byen pase…
Dèyè menm ensekirite sa, gen trafik zam ak minisyon, kidnapin pou ranson, rakèt sou biznis, peyaj ilegal sou wout ak lajan yo egzije pou swadizan “pwoteje” moun.
Gen trafik dwòg, kontrebann gaz, vòl ak revant machandiz, gen trafik moun, eksplwatasyon timoun, Epi san bliye koze blanchiman lajan pou fè kòb kriminèl sa yo rantre nan aktivite sosyete a pou l parèt legal.
Jan m souvan di l la, ensekirite a tou se yon politik, e bizniz sa yo pa ka mache “byen” nan estabilte
Kriz sa chanje fason n viv, nou endiye a midi epi adapte n a 2 zè
Pandan gen kèk gwo tèt k ap kontinye fè gwo bout tonton lajan chak jou gras ak kriz sa.
Koze depoze zam sa, se nan tèt nou l ye lol ( paske pa gen bandi k pral depoze zam an plen 2026, paske depoze zam vle di kraze biznis yo)
Yo alèz, yo ekpoze pil gwo kay yo, richès yo, pil zam yo, menm live yo fè ak yo (donk nou adapte n)
Men dèyè tout sa yo kiyès k ap vann zam sa yo? Kòman yo ka bloke yo menm? Kiyès k ap finanse yo? Kiyès k ap touche? Ki kote lajan sa yo pase?
M tèlman gen kesyon…
M gon fristrasyon m vle pataje ak nou: poukisa kominote nou an pa kreye espas pou pèmèt Ayisyen ki gen seri konpetans ka mete yo osèvis li? M santi g on gaspiyaj resous n ap fè paske n pa itilize moun nou yo e kite letranje pran yo e ba yo plas.
Lè n resi fè ouvèti pou yo pi gwo challenge lan nou mande pou yo fè prèv yo ankò pandan y ap trennen latriye eksperyans nan domèn yo.
Nouvo lidèchip k ap pran peyi a m swete idantifye tanlan ak kreye espas pou yo grandi epi sèvi peyi a se yon gwo priyorite.
Pou mwen, li pa otomatikman yon siy imatirite politik lè yon lidè politik yo oubyen pati yo pa fè kowalisyon oubyen makònnen pwojè politik ki tokay yo ansanm nan enterè peyi a.
Si yon vizyon pwofon ase e byen defini pou reponn ak defi peyi a ap fè fas, sa fè sans pou lidè oubyen pati ki pote l la defann li. E si done teren yo montre yo se yon fòs politik ki ka pran pouvwa, yo pa nesesèman oblije kouri fè kowalisyon. Sa pa vle di kowalisyon pa ka nesesè nan kèk sikonstans, men li pa ta dwe yon finalite nan li menm.
Se vizyon ak pwojè yo pou n enterese konnen e pote devan larepiblik pou n pase yo nan egzamen epi sonde yo. Moun yo ka toujou sanble, yo ka toujou parèt bèl pwofil ki pa t dwe ap toke kòn, men si vizyon yo pa pataje sou kijan yo vle dirije peyi sa a, se pa ni pèsonalite yo oubyen pakou yo k ap fè yo ka fè l ansanm. Okontrè, sa ka yon katastwòf pou.
Menm jan nan lanmou, de moun konn bèl nan pèsonalite yo ak sa yo pote kò m pwofil men yo pa konpatib pou ansanm, konsa tou m panse nan politik moun ki sanble yo pa otomatikman konpatib.
Dotanplis, nou konnen byen si motivasyon aktè yo kache, si enterè y ap defann yo tou pa ka parèt sou gran ekran, si sous kote yo jwenn lajan pou bakòp pwojè politik yo pa transparan, li konplike tout posiblite pou n mande yo pou fè youn epi koresponn pwojè yo.
Transandans mande plis pase pran konsyans. Li mande disparèt menm. Kiyès ki pare pou disparèt pandan l kwè pran pouvwa se sèl fason l ka di l te egziste e make egzistans sa?
Petèt rezon an (oubyen youn nan yo) pa nesesèman nan etik youn ou lòt kategori yo, men pito nan youn nan pwen komen anpil politisyen Ayisyen ki aspire pran pouvwa genyen, “moun serye” oubyen “abolotcho”.
Souvan anpil nan mesyedam sa yo, motivasyon pwofon ki pouse yo pran pouvwa chita nan bezwen pèsonèl yo pou soti tèt yo swa nan malsite, swa pou rezoud pwoblèm egzistansyèl manje ak bwè yo santi sèl pran pouvwa ka rezoud pou yo, oubyen pou finalman santi yo vizib, konte e valide pa yon sosyete ki bati menm pou rejte yo e fè yo santi yo pa moun.
Ou ka sezi wè difikilte pou chita mete tèt ansanm pou fè konsansis e konpwomi pou pran pouvwa ansanm nan pa oblije chita nan diferans vizyon estrikti politik k ap bakòp lide “serye” w pale yo, men pito nan rapò pèsonèl chak aktè genyen ak pouvwa a. Sitou lè youn konvenki se li ki solisyon an, nenpòt jan se li sèl poukont li ki ka rezoud pwoblèm peyi a.
Dayè, si w gade estrikti politik yo jan yo dizay, anpil ladan yo tounen otou yon grenn moun ki kanpe an diktatè… Primè ki fèt yo souvan fèt sou lafòm pou jwe jwèt demokrasi a, men o fon, ou ka kesyone senserite ak volonte reyèl pou bay plas pou lidèchip emèje.
Pi gwo pwoblèm pwofon an pou mwen se paske youn nan rezon kle m panse ki anpeche aktè politik nou yo menm eseye imajine yon pwojè kolektif kote yo pa nesesèman nan wonn sant lan se rezon pèsonèl ki lye ak egzistans endividyèl yo oubyen sivi fanmi yo. 😒
Wi apa yon ti sichaj m estime l gen ki ka konplike adaptabilite e ak lizibilite sou fòma piti. Egzekisyon an w pa ka repwoche l ni kreyativite, ni orijinalize, ni rezonans ak sa regleman an te mande. Pwoblem nan se entansyon rebranding nan, rezondèt li epi estrateji ki bakòp li.
Se sa ki tris la. UEH la patko pare e se Jerry ki pral pran kolateral.
Replying to @mcollinx17
kounya frè nou Jerry kap santi piblik la rejte travay la alòske se travay enstitisyon an ki mal fèt
Yonnpati nan jistifikasyon rebranding nn te chita sou mak adaptabilite logo sa ak kasitel pou l dekline sou tout antite yo. Gen yon chwa achitekti "branded house" pou antite yo ki fèt tou ki kesyonab...menm konprann gon volonte pou alinye ak jan branding Inivèsite fèt globalman kounya. Pran egzanp Avad la.
Se te youn nan sousi m sa lè m te ap gade regleman an. Pou mwen demach yon rebranding vizyèl dwe vini pou sipòte chanjman estriktirel ak inovasyon ki fèt nan enstitisyon an nan fason li vle ofri eksperyans ki kadre ak reyalite global la e adrese bezwen yo men sitou rezooud defi yo.
Se pa vizyel la ki te dwe anonse inovasyon ni chanjman yo li te dwe vini pou rakonte l e bay enstitisyon an nouvo zouti pou aliye eksperyans andan an ak jan moun deyo ap konekte ak li a travè storytelling.
Klach y ap pran sitou sou Facebook montre moun yo pa t pare pou sa.
Replying to @mcollinx17 @UEHAITI
mw rejwenn ou. onètman, mw panse sitou ak kriz ueh la ap viv la, rebranding li dwe jwe yon wòl plis ke maketin.
konkrètman se rafine logo a, san chanje fas prensipal ueh la.
Pwopozisyon an reponn ak kritè ki te bay yo ni vizyon UEH te mande pou logo a charye a e m felisite zanmi m Jerry Boursiquot paske l rive ranpòtr lanmayòl.
Toutfwa @UEHAITI dwe fè atansyon pou roll-out ak aktivasyon an pa sabote lide rebranding nan e kreye retisans lakay piblik la nan jan y ap konekte ak li.
Li twò ta pou mwen pou mande piblik la sa l panse. Mwen t ap prefere pito on plan aktivasyon ki pase deja pa yon optimizasyon sou tout pwen kontak yo epi yon seri edikatif-enfomatif pou gide moun yo konprann fasil rebranding nan, senbolis la e vizyon nouvo idantite sa ap eseye konkretize e sitou nouvo pozisyonman UEH la a travè slogan "Fomare pro Transformare" a.
N ap tann res eleman yo e swete ekip com nan antrene pou itilize nouvo eleman sa yo e bay on lòt figi ak UEH la.
Bravo anko @Bousiko.
Mwen jwenn envitasyon @Adobe pou reprezante yo nan #DesignThinkersToronto ki se youn nan pi gwo konferans sou dizay, kreyativite ak inovasyon ki fèt nan Canada.
Mwen eksite anpil pou m konekte ak lòt pasyone tankou m ki respire kreyativite e kwè nan pouvwa l pou l transfòme kominote yo.
Ann kòmanse pa poze kesyon an pito😊 men jiskamentman listwa di n pa inosan nan lanmò a.
M panse li enpòtan pou nou elimine nan istwa nou ak nan lespri nou ke se te Ayisyen Ki touye Desalin.
Pandan n ap sonje wout li ak tras li kite pou nou suiv jounen 17 oktòb Sila.
#MèsiPapaDesalin
Pou mwen se pa elimine pou n elimine otomatikman. Nou dwe fouye zo gade pou konn sa k te pase a, restore laverite istorik sou dram nan, rann jistis menm si se pòstim, rebay memwa Lanperè a diyite l, fè dèy kolektif, kreye espas pou komemorasyon epi ranfòse leta pou sa pa janm rive anko.
M panse li enpòtan pou nou elimine nan istwa nou ak nan lespri nou ke se te Ayisyen Ki touye Desalin.
Pandan n ap sonje wout li ak tras li kite pou nou suiv jounen 17 oktòb Sila.
#MèsiPapaDesalin

















